Jodian se fèt Mr Kesnel Dorlean !
Bon pa lapèn pou pale de pèsonaj lan, sa l' fè deja pale pou li, yo deja di kiyès li ye, e kisa l' konn fè. Men petèt sa nou ka poko konnen, se konnen ki enpresyon Kesnel sou moun li ye jodian, sa k' fè fyète l' nan tout reyalizasyon l' yo, kibò li wè l' ankò nan 1 an oubyen nan 5 an ankò, oubyen tou petèt nou ka rache yon ti poul de siksè gwo mouche sa. Ann gade ki repons li te genyen nan kad yin entèvyou nou te ap fè avèl.
Kesyon : Yon lòt ane, yon lòt anivèsè, bon byen ke 2020 an te vinn ak yon lo pwoblèm, sitou pou yon moun tankou w' ke nou konnen ki nan domèn vwayaj, men nou konnen w' pa p' dòmi. Kidond ba nou yon ti rezimen de ane 2020 sa pou ou, sa w' fè, sa w' regle ?
Repons : Se te yon ane ki te chaje ak konfizyon paske nou t ap fe fas ak yon novo maladi ke pesonn pat konnen vreman koman pou jerel e sa te gen yon enpak direk sou tout vwayaj yo, ki te koz nou te oblije lisansye yon bon pati nan kolaboratè nou yo epi chanje fòmil yo .
Nan kesyon biznis mka di e yon ane ki aprann mwen anpil bagay pou mwen se te yon melanj de defisi ak benefis tou
Kesyon : Èske ou menm oubyen pwòch ou te touche pa Kowona viris lan?
Repons : non
Kesyon : Ou pat pè pou ou, oubyen pou w' pat pèdi yon pwòch, paske jann konnen maladi an fè ravaj nan Brezil.?
Repons : M pat pè pou mwen men mt enkyè pou fanmim tankou manmanm paske li fè pati de moun a risk pa rapò ak laj li men erezman jiskaprezan li pa enfekte
Kesyon : Si pat gen Kowona, kisa w' panse w' te ka gentan fè anplis?
Repons : Elaji Five Stars Turismo nan kèk peyi tankou USA, Chili
Kesyon : Nou konnen yon antreprenè se yn moun ki toujou chachon fason, fè sitiyasyon difisil yo vire an favèl, èske w' te rive fè sa ak Kowona? Si wi kisa w' fè?
Repons : Pandan Kowona a vwayaj yo te kanpe men mwen te profite mete plis aksan sou kessostore.com sa ki pu fe vant yon an lign epi mwen te kreye safenewshaiti ki jodia vire tanbou verite epi ou konnn mwen fe youtube periode sa mt pwodwi anpil video pou fòme ak enfome moun yo
Kesyon: Ki pi gwo fyète w' te gen nan 2020 an?
Repons: Se te wè 2 timoun yo kap grandi epi fè eksplwa nan biznis mwen
Kesyon: Ki pi gwo desepsyon w'?
Repons: Pi gwo desepsyon m se moman mw te oblije siyen pou revoke anpil anplwaye akoz maladi a, paskem konnen kijan li difisil pou moun jwenn jòb.
Kesyon: Kisa w' esepere pou nouvo ane sa?
Repons: M espere gen plis fòs ak entèlijans poum pwofite de chak moman yo.
Kesyon : Ane pwochèn nan lè konsa, kisa w' panse w'ap gentan reyalize, ki pwojè w'?
e nan 5 an?
Repons: Yo anpil, men premye a se rive mete 5 gwo magazen nan Brezil epi ede plis moun a travè Fondasyon Kesnel Dorlean.
Nan 5an m ta renmen antre nan lis milyonè Forbes la.
Kesyon : Ou gon ti poul, yon ti konsèy siksè ke w' ka bay an patikilye jodian, pou nenpòt ki jèn k'ap suiv ou?
Repons: Pa pè kòmanse menm lè w pa gen espwa, siw echwe wap aprann leson a, wap vin pi fò.
Kesyon : E ki mesaj w'ap voye bay haters yo? Moun ki gen pwoblèm ak tout sa w' fè, tout sa w' di yo?
Repons: Mpa panse ke moun sa yo pa renmen m, yo jis eksprime lanmou an yon fason ki diferan, mwen espere toujou travay poum ka kontinye enfliyanse yo de fason pozitif.
Konplete pou nou Mr Kesnel.
Boujou...? Bonswa entènèt
M' pa t'ap la jodian si se pat...? gras ak sipòw
Lavi m' t'ap san sans si ...? si pat gen soufrans
Èske w' te konnen ...? Kesnel te konn chaje machin nan lari pòtoprens epi vann pappadap
N'ap kwaze tou suit....? pou yon lòt videyo