top of page

Konbyen palè nou te pase ? E kisa k te rive yo?

Pèp Ayisyen se yon pèp ki pa janm rate okazyon pou li evoke tout ti detay ki kapab fè fyète l’. Moun ki soti nan Nò pa egzanp toujou ap fè djòlè pou Henri Christophe. Nan yon kad ki pi fèmen, ou ka souvan tande yon vwazen w ki nan afè pa bon ap bat lestomak pou l’ di w li miyò pase yon lòt paske li soti nan fanmi notab katye a. Fanmi, nivo edikasyon, mwayen ekonomik se kèk eleman moun sèvi ak yo pou montre diferans ant yo menm ak lòt moun. A kote de bagay sa yo ki diferansye nou gen anpil lòt ki soude nou e fè fyète nou, pami yo nou ka site: istwa nou, kilti nou ak patrimwàn nasyonal nou. Nan peyi Dayiti, gen twa (3) batiman nan patrimwàn nou ki te fè fyète: Palè Sansousi, Sitadèl Laferyè ak Palè Nasyonal avan 2010.

Palè Nasyonal se rezidans ofisyèl prezidan peyi a. Batiman sa a charye dèyè l’ yon istwa ki long.

Kite m’ raple nou danble, palè nou te konnen ki te detwi sa gen 11 lane a se katriyèm palè ki konstwi nan menm espas la. 2 premye palè yo te konstwi pandan peryòd kolonyal la. Youn ta pral detwi an 1770 nan yon tranblemanntè e lòt la te konstwi an 1771. Se palè sa a advèsè politik Sylavain Salnave yo te boule 19 desanm 1869 la. Twazyèm palè a te konstwi sou prezidans Lysius Felicité Salomon Jeune, palè sa a ta pral detwi li menm nan dat 8 out 1912 aprè yon poudriyè ta fin eklate nan sousòl la epi touye prezidan nan epòk la Cincinnatus Leconte ak plis pase yon santèn sòlda. Katriyèm palè a se sa ki te detwi an 2010 la e se de li nou pral pale la a.

Aprè lanmò prezidan Leconte, Tancrède Auguste pran pouvwa a. Li lanse yon konkou pou rekonstwi palè a. Nan dat 30 oktòb 1912 jounal “Le Moniteur” pibliye règleman konkou a. Daprè règleman fasad nouvo palè a te dwe bay sou kote Nò, lap genyen plizyè sal resepsyon, sal pou kabinè prezidan an, achiv, galri, bibliyotèk, apatman prezidan an, kizin ak lòt ankò. Pandan kenz jou yo ekspoze nan Chanm depite yo tout pwojè yo pou popilasyon an vin wè yo. Aprè jiri a fin prezante tout pwojè yo bay popilasyon an, yo finalman kenbe pwojè Georges Baussan an ki te rele “Petit Nid”. Donk, se Georges Baussan ki te trase plan palè a. Achitèk sa a, ki te etidye nan L’Ecole des Beaux-Arts nan vil Paris, te trase plizyè edifis enpòtan nan Pòtoprens tankou Legliz Sakrekè ak Kazèn Dessalines. Papa l’ se te yon ansyen senatè.

Travay konstriksyon palè a te kòmanse an me 1914, mwens ke 2 mwa avan Premyè Gè Mondyal la ki pral retade travay yo paskeanpil nan materyo yo se an Ewòp yo te kòmande yo. Palè Nasyonal la te fè 20 000 m2, li genyen twa etaj, paviyon dantre a genyen yon pòtik ak kat kolòn yonik, twati a genyen twa (3) dom ak plizyè fenèt pou van pase. Palè Nasyonal Baussan an te enspire de peryòd Renaissance lan e li te samble tèt koupe ak kèk batiman fransè yo te konstwi an Frans oswa nan divès koloni yo te genyen toupatou.

Prezidan Preval ak prezidan Mateli te fè kèk jefò nan lide pou ta rekonstwi palè a, men tout jefò sa yo tap kanpe lè 10 janvye 2014, Lucien Jura, pòt-pawòl prezidans lan, deklare rekonstriksyon palè a pa yon priyorite pou Leta Ayisyen.

Jou ki te 19 avril 2017 la, dosye rekonstriksyon an pral tounen daktyalite lè prezidan Jovenel Moïse enstale Groupe de Travail et de Réflexion sur la Réconstruction du Batiment Historique du Palais National. Estrikti sa a te gen ladan l’ sèt manm: Clément Bélisaire, ke nou plis konnen sou non Keke Bélizaire, ki se tou prezidan UCLBP, Georges Michel, Daniel Elie, Patrick Durandis, Patrick Delatour, Sabine Malbranche ak Yvan Pinchinnat. Gwoup de travay sa a lanse nan mwa septanm 2017 yon konkou pou seleksyone yon plan rekonstriksyon pou palè a. 15 fim te patisipe nan konkou sa a. Jiri a te chwazi 8 ladan yo. Final la tap gen pou li fèt ak kat (4) ladan yo. Kat fim ki te rive nan final yo se te Aedifica, Archivolt, Cecom consultants ak Raco Deco. Jiri a te gen ladan l’ Alix Cineas, Viviane Saint Dic, Rose-May Guignard, Marie-Edithe Hilaire, Rudolph Dupuy, Beatrice Brun, Marcia Codinachs, Yves Fritz Joseph ak Fritz Duplan. Nan yon anons li fè 12 janvye 2020, prezidan Jovenel Moïse deklare se gwoupman RacoDeco & Adjaye ki ranpòte konkou a. Raco Deco se pou yon ayisyèn ki rele Cassandre Méhu, Adjaye Associates se pou yon britanik ki rele David Adjaye. Gras ak konkou sa a de (2) asosye yo ap gen pou yo siyen yon kontra detid pou yon milyon dola pou yo ka fè konsepsyon nouvo batiman palè nasyonal la.

Nap souliye pou ou an 2010, Time Magazine te klase Adjaye pami 100 moun ki plis enfliyan nan mond lan e se li menm tou ki te reyalize konsepsyon « Musée Smithsonian national de l’histoire et de la culture afro-Américaine » aux États-Unis.

Si se vre edifis la te detwi an 2010 nan moman tranblemanntè a, men anyen pa sòti nan vale senbolik palè a. Dayè, nan moman manifestasyon popilè yo ou ka konn tande dirijan politik yo ap di w “Nou pral devan palè”, kòmkwa palè a ta egziste fizikman toujou.

Palè Nasyonal se senbòl pouvwa, fyète. Rekonstwi palè nasyonal se ede Ayiti rejwenn yon pati nan fyète l’ ki pati kite l’ depi kèk tan.

6 vues0 commentaire

Actualités

A Singapour, l’épidémie de #COVID2019 révèle la précarité des 300 000 travailleurs migrants : la promiscuité dans laquelle ils vivent réunit toutes les conditions d’une propagation maximale du coronavirus.

bottom of page