Ayiti. Ensekirite. Prezidan Jovenel Moïse nan yon "tweet" li fè jodi lendi 15 mas sa li mande yon sipò teknik pou Polis Nasyonal Ayiti a nan men Òganizasyon Eta Ameriken (OEA). <<Mwen te genyen, avèk SG, @Almagro_OEA2015 lendi 15 mas sa, yon echanj ki te pote totalman sou sekirite. Pandan echanj sa, mwen mande oprè Òganizasyon enpòtan sa yon sipò teknik pou Polis Nasyonal Ayiti a nan lide pou byen goumen kont banditis ak teworis.>> (daprè tradiksyon nou fè an Kreyòl de "tweet" Prezidan Jovenel Moïse la ki an Fransè)
Kite nou di peyi Larisi ofri èd li ak Ayiti. 12 mas ki sot pase a, Maria Zakharova, ki se direktris enfòmasyon ak laprès nan ministè afè etranjè peyi Larisi, pataje sou kont "Twitter" ministè a yon "tweet" ki moutre volonte peyi Larisi pou ede estabilite tounen an Ayiti.
Jacky Médé Fontaine
TANBOU VERITE