Depi plizyè semènn gen yon sèl aktyalite nan lari a, yon koze kidnaping ki mete tout moun sou tansyon. Tout moun ou kwaze nan lari a gen yon laperèz nan figi yo, yo konnen yo sòti yo pa konnen si yap antre. Yap viv ak posiblite nan tèt yo ke si yo pa pran yo jodia, yo ka pran yo demen…
De jenn gason mal entansyone pran plezi nan rele moun nan telefon pou fè yo frikat. Yap plede rele nenpòt nimero mande moun lan kiyes li gen nan lari , ke yo se chef bandi, yap fè sanblan yo gen moun nan nan men yo, Pouw ka di yn non moun epi pou yo ka mandew voye kòb pou yo lage moun lan…tandike yo pa gen moun nan vre.
Temwayaj yon moun ki sibi aksyon an : « yon nimewo mwen pa konnen relem, mandem kiyès moun mw genyen nan lari, se yon chèf gang wi kap pale avew la, yo mandew kiyes ou gen nan lari, wap pale K** … mw tande yap dil ‘’ metel la, metel la" yon fason pou yo ka fem konnen moun lan nan men yo. Lè yo wè mwen pap bay okenn non, yo dim yap fizyel »
Menm si w gen dwa pouw viv jan w vle e viv byen san kè sote, peyi a mete nou nan sitiyasyon pou nou pi veyatif, piu nou respekte kèk konsèy ki pata dwe nòmal, men itil , tankou :
- kenbe san fwa nou,
- Pa founi okenn non oubyen okenn enfomasyo pèsonèl
- Pa rantre nan okenn negosyasyon san prev ke ou gen yon moun an danje tout bon
- Rele tout moun ou konnen pouw rasirew ke tout pwòch ou an sekirite
- epi anfen anrejistre nimewo moun nan pouw bloke l' oubyen mete l sou lis nwa epi avize pwoch ou de sa.
Nimewo ki te fè aksyon an se +50937093267